A- Istwa MMM Akachon 32

A- Istwa MMM Akachon 32
Mouvman Misyonè Mondyal antre ann Ayiti epòk 1970 ak Dominga Moreno, yon misyonè pòtoriken ki te fonde yon legliz Ri Ramye, riyèl Polèt # 11, Fontamara 27. An 1984, Dominga Moreno pa t kapab dirije ni legliz Fontamara 27 la, ni misyon an poutèt li te vin avèg. Dominga te fè tout papye sou non li san misyon an pa t konnen. Li pa t asepte pou yo ranplase l. O kontrè, li te mande 80.000 dola ameriken pou l vann misyon an espas la. Misyon an pa t dakò paske se manm MMM ki te ede l bati ni  tanp pou 300 moun nan ni kay 3 etaj pou òfelina a.

Apre kèk tan, Lamatin Doriska, pastè Legliz Batis Betesda Etazini, vini mete misyonè MMM yo deyò. Frè Lemèt Zefi ki te dirije legliz Fontamara pannan kèk mwa ann absans Dominga te refize demann kolaborasyon pastè Lamatin nan. MMM voye pastè Teodoro Marrero, yon pòtoriken, vin ede misyonè yo chache kay Kafou pou mete biwo misyon an. Frè Lemèt Zefi se sèl moun legliz Fontamara a ki deplase ak yo.

24 jiyè 1985, frè Lemèt mennen premye fanmi ki pral fòme nouvo legliz la asepte Jezi. Etan l ap vizite kèk jèn MMM Lagonav ki te abite Bwochèt 95, li anonse Batèl Loran ki t ap gade kèk mesye ap jwe domino levanjil. Moun ki t ap jwe yo kite jwèt la. Batèl rete diskite ak frè Lemèt. Batèl di li p ap konvèti ankò paske li te fè sa de fwa deja li chite. Frè Lemèt ba li garanti si li konvèti fwa sa a li p ap chite poutèt l ap jwenn vizit ankourajman ak suivi. Kòm li te kanpe fèm sou desizyon li, frè Lemèt mande l pou l al priye lakay li. Se kon sa, Ànmari Fransiyon, konpay Batèl, asepte Jezi. Apre priyè a, Batèl di : « Si Jezi vini jodi a m tou pèdi. Men, si li vin demen m ap sove. » Nan denmen, frè Lemèt al vizite Batèl ak sè Mireya Molina, youn nan misyonè venezyelyen MMM yo. Batèl asepte Kris kòm sovè li.  Sè Mireya Molina, sè Janèt Ramirez ak frè lemèt Zefi, kòmanse fè sèvis sou galeri kay Batèl la. Legliz la kòmanse travay ofisyèlman 16 novanm 1985, kwen Mon Repo 42 ak wout Kafou # 97, nan yon chanm kay misyonè a. Yon ti tan apre, Batèl marye.

An 1991, sè Jeannette Ramirez, dènye misyonè ki te rete a, kite peyi a apre koudeta militè a. Pastè Lemèt misyon an te òdone an 1990, epi ki te sipèvizè depi lè a, rete alatèt legliz la. Se kon sa, an desanm 1993, li mande premye ofrann pou legliz la achte yon tanp an tòl tou koule defen pastè Jozèf Gèrye t ap vann. Jinyò, yon ti gason 7 an, pase mete 1 goud nan kòbèy la. Pastè Lemèt di li : «Jinyò, lè m ap inogire tanp lan, m ap prezante ou kòm moun ki te bay premye ofrann nan.»

Yon ougan ki te abite nan kay 2 etaj ki apre kay ki anfas legliz la te deja achte lokal la pou 44.000 dola ayisyen. Kòm achtè a pa t bay defen pastè Gèrye 14.000 li te dwe li a, pastè a renmèt kanntè li te resevwa pou 35.000 dola a. MMM entènasyonal achte lokal la pou 15.000 ameriken. Anndan ti espas la, te gen yon kay pastè a ak fanmi li te abite dèyè nèt, latrin, lekòl, garaj.


Ansyen legliz pastè Djo a te rete 7 fidèl. Se lè yo wè nou antre nan tan plan yo konnen pastè Djo te vann lokal la. 3 nan yo vivan toujou: sè Edna Dòjon, sè Selite Cheri, sè Tina Kòne. Nou fè premye sèvis nou Akachon 32  jou 22 me 1994, ak 16 manm batize,  ban. Pèsonn nan katye a pa t vle antre legliz la akòz move temwayaj ansyen pastè a. 
Nan premye mwa yo, nou mache kay tout moun nan katye a pou envite yo legliz, pou n esplike yo se yon nouvo legliz ki nan ansíen lokal la. Nou fè menm bagay la ak megafòn nan sèvis an plennè. Se kon sa kèk grenn moun kòmanse asiste sèvis yo.

B- Istwa tanp lan

Depi anvan nou antre, nou elimine garaj, biwo direksyon, 2 chanm nan kay la, nou fè yon do cheval devan an, nou repare twati tòl la ki te kontinye koule tankou larivyè. Apre sa, nou kontinye demoli ale dèyè, rive kote podyòm premye nivo a ye a. An 1998, nou mete poto ak pout, nou kòmanse koule beton ak konkou pastè Margaro Figueroa ak pastè Sinaí Santiago ki te mennen yon gwoup frè dominiken ak pòtoriken vin ede nou. Frè Rody Bourbon te premye enjenyè nou.

Akòz kèk erè ki te fèt nan travay la enjenyè Bourbon pa t reskonsab, nou te oblije kanpe travay la pannan  3 zan kon sa paske 2 pout anba trinin nan te k`omanse plonje san okenn chay potko sou yo. Kèk nan 7 enjenyè nou te konsilte te konseye nou kraze l nèt. Enjenyè Armand Louis ki te fè yon etid pou nou te rekòmande nou enjenyè Michel St. Louis ki te pran angajman pou l fè yon operasyon sezaryèn nan lokal la: demolisyon ak ranplasman pout ak poto, ranfòsman epesè beton an, eks.  Ak konkou Bondye, operasyon an reyisi. Anpil modifikasyon fèt nan lokal la. 2 zan apre, tranbleman tè pase, tanp lan kanpe djanm! Mèsi Bondye pou sajès enjenyè Armand Louis, pou konpetans teknik ak pasyans enjenyè St. Louis, pou bòs Gérard Pierre, manm legliz la,  ki dirije egzekisyon plan enjenyè yo.  
    
C. Kote lajan konstriksyon an soti?

Ant 1998 ak 2010, legliz la depanse  70.000 dola ameriken kon sa nan konstriksyon tanp lan. Nou ta kapab mande: Ki bò tout lajan sa a soti? Ak konkou sè Sandra Zefi, pastè Lemèt fè 3 liv youn an kreyòl, 2 an payòl, ak mesaj ak etid, nou fè mayo pou tanp lan.  Nou vann yo tou patou kote nou pase aletranje. Manm legliz la ak lidè yo la mennen divès aktivite pou lajan antre :predikasyon aletranje, komès, sòl antre nou, dim ak ofrann, mande zanmi ak paran,fwa manje... Sè Mariya Fourreau, yon ansyen manm legliz la, te konn al netwaye soulye manm legliz la pou tanp lan.  Jenewozite Mariya se kichòy nou p ap janm bliye!

Kèk nan manm nou yo aletranje peye dim yo Akachon. Youn nan yo te renmèt mwen yon anvlòp dim ki te plis pase 3000 dola ameriken an 2009. Gen lòt ki bay ofrann espesyal pou tanp lan.
Nou gen yon panse espesyal pou Estassyon Ri Monseyè Giyou ak legliz Bwadyout Bondye te ede nou fonde pannan 25 an ministè nou Kafou. Tou 2 legliz sa yo fè Akachon kado pou pwojè a. Bwadyout prete nou lajan l ap sanble pou pwojè tanp pa l. Detay sa yo gen anpil sans nan peyi d Ayiti kote anpil legliz depann de etranje pou tout ti detay fonksyònman yo.

Nou pa ka bliye kontribisyon frè nou ak sè nou aletranje. Yon moun Bondye te touche pou ede m nan ministè a te rakonte m yon esperyans li te fè etan m t ap temwaye nan yon konvansyon Pòto Riko. Kòm li pa t nan misyon an ank`o epi plizyè ane te pase m pa t tande nouvèl li, m te panse tout bagay fini. 6 zan apre, yo enfòme m l ap vizite nou pou l ede nou nan konstriksyon tan plan. Apre vizit li a, li fè legliz la kado 5000 dola ameriken pou randuisay ak penti anba a. Li di mwen: "M ap fè efò pou m prezan nan inogirasyon an, men piga ou lonmen non mwen kòm moun ki te bay." Se pi gwo kado nou resevwa depi pwojè a k`omanse. Jedi 4 novanm 2010 la, nou te bezwen 15000 goud pou konplete acha fè pou fenèt, ak 4500 goud pou siman. Pou premyè depi plizyè ane, pa t gen menm yon adoken nan kès. Etan m soti pase nan chòp kote y ap soude fenèt yo, m kwaze ak pwopriyetè yon kenkayri kote nou abitye achte materyo. Mesye sa a poko konvèti. Li mande m :

-Kouman travay la ap mache ? 

M reponn li :- Nou prèske fini. Yo pa vin achte la a maten an ? 
Li di m :- M pa konnen. Men, m ka fè w kado kèk sak siman. 
M mande l : -Konbyen? 

Li reponn :- 50 sak. Ou mèt voye chache yo kounye a si w vle.
Nou kapab imajine lajwa mwen nan moman nou manke 7 jou pou inogirasyon, travay poko fini epi pa gen ni lajan ni materyo. Mwen pa t jwenn mo pou m di Bondye mèsi sitèlman m te kontan. Sa a se youn nan pil mirak Bondye fè pou l mete pwojè sa a kote l ye a. Pi gran donatè a rele Jehova Jireh!

Tanp sa a se rezilta yon gwo konbit. Majorite moun legliz la bay sa yo kapab: tan yo, lajan yo, konesans yo, lide yo, kouray yo. Lis zanmi ak manm lòt legliz ki ede nou anpil. Jou a rive pou nou di nou tout: Mèsi anpil! Bondye konnen sa nou te fè. Nou p ap pèdi sa.